• À propos

Douces Échos

~ Une Petite Opinion… C'est de vos Oignons

Douces Échos

Archives de catégorie : Musique

Magnifique chanson de Mikaben

21 vendredi Fév 2014

Posted by MC in Musique, Société

≈ Laisser un commentaire

« Ayiti sé »  de Mika Benjamin résume très bien la beauté cachée du pays. Le côté mal connu du monde du dehors. En écoutant cette mélodie elle renforce l’envi des nostalgiques à s’évader pour un doux moment et jouir de cette nature paradisiaque. La vie simple, les petits coins du pays, la plage, les hors d’œuvres, les festivals, la peinture et bien plus.

Afin que vous puissiez savourer le morceau comme il se doit, voici donc la vidéo accompagné du texte. Bon visionnage!

Ayiti se bèl lanmè se bèl montay ak bèl rivyè
Se bèl plaj ak pye kokoye bèl peyizaj ak bèl koulè
Ayiti se sant kafé kap monte nan nen m’ le maten
Se sant lawouze ki fèk poze pou flè dizè ka boujonnen
Ayiti se Basen Blé Kaskad Pichon avèk Sodo
Se Akaden La Sitadèl sé Labadi ak Marigo
Ayiti se Lavalée se Pòsali ak Zabriko
Sé Mòn Lasèl Pik Makaya se Mamlad ak Mòn Pilbowo

Ayiti sé yon dous makòs se yon ponyen pistach griyé
S’on ji kole ki pou banm fòs s’on boutèy kola ki byen glasé
Ayiti s’on bon griyo s’on bon fritay on bon taso
S’on bon legim avèk sirik s’on bon diri avek lalo
Ayiti s’on bon bouyon s’on soup joumou a tout piman
S’on bon kasav avèk manba
Ke ou tranpe nan akasan
Ayiti s’on bon donmbwèy kap marinen nan yon bon sòs pwa
S’on bwakochon on bon kleren Ayiti s’on bon kafé diswa

[Chorus]
Ayiti cheri pou jan mwen renmen w
Mwen vin depoze ti kè mwen nan men w
Ayiti cheri pou jan m’adore w
Pa gen anyen kap janm fè mwen kité w
Ayiti cheri pou jan mwen renmen w
Mwen vin depoze ti kè mwen nan men w
Ayiti cheri pou jan m’adoré w
Pa gen anyen kap janm fè mwen kité w

Ayiti sé on bèl mizik se yon bann a pyé s’on twoubadou
S’on son kata seremoni, se yon son kwachi yon son tanbou
Ayiti se tè Ogou, se tè zansèt kite pou nou
Se la lesklavaj t’aboli se yon tè libète ak vodou
Ayiti se festival se tisourit se fèt chanpèt
S’animasyon nan Kanaval se yon ti zilé k’ pa janm frèt
Ayiti s’on bon bézig s’on domino s’on bon twasèt
S’on révéyon koté ki gen bouyon sé la k’ gen kenbé tèt

Ayiti sé yon konbit péyizan kap sèkle latè
Se ti machann yo kap désann
Pou y’al goumen ak lavi chè
Ayiti se timoun yo k’ap reve de yon bèl avni
Se dlo rigòl la kap desann pa konn koté l pra-l ateri
Ayiti se anba tant lan depi apre 12 janvye
Se labou k’ lev’ on move sant chak lè on ti lapli fin tonbé
Ayiti se sou beton’an pou konn “la vrai” réyalité
Se youn ki tris men grasadye se pa li sèlman n’ ka chanté

[Chorus]

Ayiti cheri pou jan mwen renmen w
Mwen vin depoze ti kè mwen nan men w
Ayiti cheri pou jan m’adore w
Pa gen anyen kap janm fè mwen kité w
Ayiti cheri pou jan mwen renmen w
Mwen vin depoze ti kè mwen nan men w
Ayiti cheri pou jan m’adoré w
Pa gen anyen kap janm fè mwen kité w

Ayiti sé yon manman ki konn sa yo rélé doulè
On fanm ki djanm on fanm vanyan menm si l’ konnen li pa pafè
Ayiti sé yon bèl fanm ki menmsi l pasé anpil mizè
Li toujou f’on jan l ranjé kò l pou tout pitit li toujou fyè
Ayiti se tout bagay sa a yo ki fè ke nou renmen w
E menm si wout la long konnen n’ap toujou la pou n kenbe men w
Ayiti cheri w mèt kwè m
Pa gen anyen k’ap fè m’kité-w
Map toujou la pou ou chéri
Kité mizik sa a dòloté-w

À Lire

  • Marissa Groguhé 25 décembre 2017
  • Star Wars reste en tête du box-office nord-américain 25 décembre 2017
  • Top 10 des meilleurs films de 2017 24 décembre 2017
  • Souvenirs de 2017: cinéma d’ailleurs 24 décembre 2017
  • OpenSER And RTPProxy 23 décembre 2017
  • rtpproxy Module 23 décembre 2017
  • RTPproxy Revisited [Kamailio 4.0] 23 décembre 2017

Voir Mon magazine cinéma (anglais)

Catégories

  • Musique
  • Pinterest
  • Société

Catégories

  • Musique
  • Pinterest
  • Société

Archives

Propulsé par WordPress.com.

Confidentialité & Cookies : Ce site utilise des cookies. En continuant à utiliser ce site, vous acceptez leur utilisation.
Pour en savoir davantage, y compris comment contrôler les cookies, voir : Politique relative aux cookies
  • Abonnement Abonné
    • Douces Échos
    • Vous disposez déjà dʼun compte WordPress ? Connectez-vous maintenant.
    • Douces Échos
    • Abonnement Abonné
    • S’inscrire
    • Ouvrir une session
    • Signaler ce contenu
    • Voir le site dans le Lecteur
    • Gérer les abonnements
    • Réduire cette barre